Gid itilizatè • an kreyòl

Aprann itilize app la etap pa etap

Gade videyo a oswa telechaje gid PDF la pou w wè kijan pou enskri, mande yon kous, voye yon pake ak peye san traka.

Videyo 1 · Gid konplè

Videyo 2 · Enstalasyon ak premye kous

Videyo 3 · Kijan pou enskri kòm kliyan

Enskripsyon kliyan an 4 etap

  1. 1. Ouvri sit la sou telefòn ou: thebashexpress.com
  2. 2. Peze « Enstale app la sou telefòn ou » epi mete l sou ekran ou.
  3. 3. Kreye kont kliyan ou ak email ak modpas.
  4. 4. Chwazi sèvis ou vle a epi mande premye kous ou.

Videyo 4 · Kijan pou enskri kòm chofè

Enskripsyon chofè an 4 etap

  1. 1. Enstale app la sou telefòn ou: thebashexpress.com
  2. 2. Kreye kont ou epi chwazi CHOFÈ.
  3. 3. Voye dokiman ou yo: lisans, plak, foto machin, asirans ak foto pwofil.
  4. 4. Lè ekip nou apwouve w, ou kòmanse pran kous epi touche sou MonCash oswa NatCash.

Tout etap yo

  1. 1Ouvri app laAle sou sit la sou telefòn ou epi peze “Kreye kont”.
  2. 2Kreye kont ouChwazi si w se kliyan oswa chofè, mete email ak modpas.
  3. 3Verifye telefòn ouOu resevwa yon kòd 6 chif pou konfime nimewo w.
  4. 4Konplete pwofil ouNon, prenon, telefòn ak adrès — epi ou pare.
  5. 5Mande yon kousTaksi moto oswa taksi machin: mete depa ak arive, wè pri a.
  6. 6Chwazi metòd pemanKach oswa MonCash. NatCash ap disponib byento.
  7. 7Suiv chofè aWè foto ak enfo chofè a, epi swiv li sou kat la an tan reyèl.
  8. 8Voye yon pakeLivrezon ak kòd PIN: moun k ap resevwa a bay chofè a PIN nan.
  9. 9Fini kous laBay chofè a etwal epi tcheke tout kous ou nan “Istwa”.
  10. 10Pou chofè yoVoye lisans, plak, foto machin — tann admin aktive kont ou.

Pare pou kòmanse?

Kreye kont ou epi mande premye kous ou kounye a.

Louvri aplikasyon an